Prestige Konkou Fashion Naval

La Bière Prestige lanse konkou Fashion Naval pou jèn koutiryè, estilis epi bòs tayè vin montre
talan yo nan kreyasyon kostim rèn kanaval.

Inisyativ sila a tanmen depi 16 janvye 2023 sou tèm « Viv Ansanm » nan vil Okap. Nan sa ki gen pou wè ak patisipasyon nan Fashion Naval, tout moun ki te anvi antre nan konkou a te genyen jiska 6 fevriye. Yon dat ki te rive pwolonje jiska 9 fevriye sou demann piblik la. Nan tèm ak kondisyon yo : fòk ou genyen 18 an pou pi piti, ou dwe pataje non konplè w ak nimewo telefòn ou epi fòk ou explike ak ki materyèl ou fè kostim nan. Soti 10 fevriye pou rive 13 fevriye, konkou an ap pase nan on dezyèm faz kote yo ekspoze kreyasyon divès patisipan yo pou resevwa sipò piblik la (on like=on vòt). Si w anvi ankouraje òganizatè yo epi sipòte patisipan yo, ou kapab pase depoze like pa w la sou paj La bière Prestige la.

Widenie Bruno

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.