Yon ti koze sou tanbou

“Depi tanbou frape tout moun leve danse”

Soti nan « leskwad » oswa « konbit », lè peyizan met tèt ansanm pou yo travay latè, tanbou a pap ret apiye nan panno kay la. Chak kout tanbou pote yon fòs anplis nan pikwa, wou, kouto digo ki ap karese tè a. Se pou sa tanbou peyi Dayiti se yon senbòl fòs ak kouraj, ki makonnen ak nanm peyi a epi ki reprezante yon eritaj kiltirèl san parèy.

Enstriman mizik ki rele tanbou a, makonnen ak vodou (yon lòt eritaj kiltirèl), layite kò l sou yon latriye rit. Chak rit vodou gen kout tanbou pa yo. Kout tanbou petro a pa sonnen menm jan ak ibo a, arada a pa sonnen menm jan ak nago a oswa nenpòt lòt kout tanbou. Rabòday, ki se yon rit mizik popilè ki ap fè chimen li depi kèk tan nan kilti peyi a, chita sou yon kout tanbou ki se senbòl travay nan vodou a. Kidonk, tanbou a depase yon senp enstriman mizik nan sa ki gen pou wè ak kilti peyi a. Nan peryòd lagè endepandans lan, li te menm fasilite kominikasyon esklav yo.

Anpil moun konsidere Lenord Fortuné ke nou konnen sou non atis « Samba Azò » tankou youn nan pi gwo tanbourinè peyi a janm konnen. Men tanbou a pa chita sèlman nan rit mizik « rasin » nan. Pa gen « konpa » san ban dèyè, pa gen ban dèyè san tanbou. Sa ki fè ke tout gwoup Konpa toujou asire l ke li gen yon tanbourinè. Pa egzanp, Shabba (Djakout #1) se yon tanbourinè menmsi gen moun ki konnen li plis pou kapasite l pou anime oswa chante. Men depi kèk tan, tanbou a pran yon wout ki ap mache plis avèk tan an nan sa ki gen pou wè avèk estil mizik ki rele “raratech” la ke plizyè Dj anbrase. Nou vle site kèk moun tankou Gardy Girault, Dj Stuba, Kolo, Manito Nation, Michael Brun. Sa ki vin bay anpil tanbourinè posibilite pou akonpaye Dj sa yo lè yo ap pèfòme. Nou ka site kèk moun tankou Youry Vixamar oswa Ti Tanbou.

Nan yon chita pale avèk Hernso Chery ke yo konnen sou non « Ti Tanbou », ki se yon jenn tanbourinè ki akonpaye Gardy Girault, Manito Nation ak Kolo lè yo ap jwe, nou t rive konprann plis pakou mizisyen an epi fason li viv kout tanbou raratech la. Ti tanbou ki soti nan yon fanmi ki te gen rapò byen bonè ak tanbou, te devlope lanmou pou tanbou depi lè li te genyen 5 voies. Se vre karyè mizik li te komanse nan frape bokit lakay li men li te gen chans jwe nan yon gwoup Konpa nan Disis ki se yon lokalite nan Okay, nan sid peyi a. Lè li vini Pòtoprens, li te jwe nan yon gwoup twoubadou. Kèk eksperyans ki pèmèt li grandi karyè l men aprann adapte li tou paske estil tanbou sila yo pa sonnen menm jan. Ti Tanbou ki jwe anpil nan raratech la nan moman et di li apresye fason ke estil sila a pèmèt tanbou a pran devan sèn nan epi montre moun yo ke estil “rasin” nan ka ale byen lwen. Nou ka jwenn pèfòmans Ti Tanbou nan kolaborasyon ke li fè ak Manito Nation nan Palais Sans Souci (Okap), ki rele PEYANM ki disponib sou youtube.

Si tanbou a son enstriman, tanbou peyi Dayiti a limenm son eritaj. Yon eritaj ki toujou mache avèk tan an, yon eritaj ki merite pou n vann pi plis chak jou. CccOu fin li ti koze sila a sou tanbou? Kounya nou envite w al koute “Tambou Nou”-Zenglen. Pipipip !

Stanley C.Maurice

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.