KIYÈS KI TORO?

“Kiyès ki towo?” se yon emisyon tele reyalite Brana SA pote nan peyi a pou ankouraje kilti fizik ak devlòpman sikolojik chak grenn ayisyen. Li reyalize sou baz yon konkou kote patisipan yo ap sibi yon pakèt eprèv difisil jiskaske piblik la dekouvri kiyès ki vrèman toro a. Jwèt sa mize sou detèminasyon, angouman, rezistans ak entelijans chak grenn advèsè.

Sa genyen 8 lane depi show a te kanpe. Men pou 2023, oganizatè yo retounen an fòs sou beton an pou relanse konpetisyon an. Tankou menm jan ak lòt ane yo, l ap dewoule sou plizyè jou ak nan diferans espas.

Toutfwa, menm si fòma emisyon an ta chanje, se toujou menm prezantè a ki pral kontinye fè nou viv kokennchenn evènman sa ak vwa l. E li pa lòt: Carel Pedre. Dayè se li ki te fè anons lan sou paj twitè li a.

Ou menm, eske w pare pou sa ki pral gen la?

ou kapab ranpli fòmilè sa si w vle patisipe.

https://t.co/GQ706rcXnu

Epi, klike sou lien sa pou w suiv tout aktyalite sou konpetisyon an. https://instagram.com/toro.haiti/

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.