Jounen entènasyonal kansè timoun: 2 paran ayisyen t’ap temwanye sou kijan yo te viv kansè pitit yo depi laj 2 zan

Kansè pote laperèz ak strès plis pase yon pakèt lòt maladi nan mond lan. Anpil fwa, sa lakòz moun refize pale de sa, enfòme sou sa, alewè pou li ta konsilte yon doktè. Aloske jounen jodi, malgre avanse lasyans nan domèn sa, prevansyon rete yonn nan pi gwo zam pou nou batay kont maladi sila. Sa ki vle di, li enpòtan pou nou obsève kò nou ak chèche jwenn bonjan enfòmasyon sou sa. Paske, konsilte yon espesyalis oubyen tande yon espesyalis sou koze a kapab itil nou pou tout rès lavi nou. 

Nenpòt moun, kèlkeswa laj la ka rive viktim yon kansè. Men fòk nou konnen batay kont maladi sila, alafwa mantal epi fizik. Kidonk, fòk nou fè efò pou nou byen jere tèt nou. Nan dat ki te 15 fevriye a, pou make ” jounen entènasyonal kansè timoun “, Chokarella te resevwa 2 paran ayisyen ki t ap temwanye kijan yo te viv ak sipòte pitit yo ki te viktim yon kansè depi lè l te gen 2 zan. Nou envite nou gade video a pito.

Pa bliye, Chokarella angaje l kòm misyonè nan fè sansibilizasyon ak prevansyon kont kansè nan peyi Dayiti. Li kolabore ak kèk òganizasyon lokal tankou GSCC ak FHACI ki yo menm tou, bò kote pa yo, pote èd ak soutyen pou anpil viktim.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.