Ki plas lang kreyòl la dwe genyen nan metye jounalis la nan peyi a ?

Pou make selebrasyon lang ak kilti kreyòl ane sa a, ÉCOLE DE LA RADIO makònen ak CEPOROFOJUL te òganize yon gwo woumble jou ki te 24 oktòb la, anba tèm « wòl ak plas lang kreyòl nan metye jounalis la ». Jean Baptiste Anivince ak Iléus Papillon se te de entèvenan nan konferans sila. Nan ti bat bouch sa a piblik la ak envite yo te brase lide sou plizyè sijè e montre enpòtans lang kreyòl la e ki wòl li dwe jwe nan metye jounalis la.

Nan kad koudjay lapawoli sila entèvenan yo te pwofite abòde plizyè lòt pwen enpòtan nan koze lang kreyòl la nan peyi a, tankou : ” Rapò lang kreyòl ak lang fransè a nan sosyete a ” Se te okazyon tou pou 2 entèvenan yo te manyen zafè prejije ak diskriminasyon lang kreyòl la pa janm sispann sibi nan soyete a.

Daprè Jean Baptiste Anivince mòd diskriminasyon ak prejije sa yo la depi kèk tan nan sosyete a e medya yo, patikilyèman radyo, te ranfòse prejije sa yo. « Lontan, pale nan medya (radyo) te sinonim konn pale fransè. Men jounen jodia, nou kapab remake pale nan radyo an kreyòl se rale yon makòn oditè ak oditris ». Pou Prezidan Festival Literati Kreyòl la, fè metye la près yo an kreyòl se bay tout moun tout plim tout plimay aksè ak yon makòn enfòmasyon ak konesans. Paske lang kreyòl se kalfou kote pik kou mawon, zannana kou pengwen ka rankontre. 

Bò kote pa Iléus Papillon konsta yo pa twò diferan. « Lang kreyòl la se yon lang rezistans, ki pran nesans nan yon kontèks istorik espesyal ». Daprè powèt la : « Zansèt nou yo te envante zouti sa a yon manyè pou yo pat itilize lang kolon an, epi tou te yon mwayen pou yo te ka kominike antre yo san kolon an pat rive konprann ». Pou responsab kominikasyon « FEL » la, defann dwa lengwistik nou se yon egzèsis fondamantal ki dwe tanmen nan aprann pwodwi nan lang kreyòl ayisyen an.

Pou n repete pawòl Iléus Papillon : « Ayiti se pi gwo kominote kreyolofòn nan monn lan ». Ki donk favorize emèjans lang kreyòl la se nan benefis tout moun. » Daprè jèn ekriven an lè Lydia Joy Bradford, yon etidyant nan ” Duke University” nan peyi Etazini, te ekri tèz lisans li an kreyòl, se pou l te montre klè kou dlo kòk lang kreyòl la ka sèvi zouti pou pwodwi savwa menm jan ak nenpòt lòt lang. Ki donk aksyon sila ta dwe enspire plis etidyan, pwofesyonèl ak travayè laprès pa bò isit pou yo ka bay lang kreyòl la plis plas nan travay yap fè. Paske lang kreyòl la se sèl lang ki makònen tout ayisyen ansanm.

Se avèk anpil pawòl nanm ak kèk bon jan konsèy envite yo te fèmen jounen konferans sila ki te fèt nan kad seri aktivite ÉCOLE DE LA RADIO ak CEPROFOJUL tanmen pou make selebrasyon lang ak kilti kreyòl ane sa a.

Aprè woumble sila, tout patisipan yo te sòti satisfè epi ranfòse konviksyon yo sou wòl ak plas lang kreyòl la genyen nan metye jounalis la. Yo tout dakò lang kreyòl la ka sèvi non sèlman kòm zouti pou bay bon jan enfòmasyon men tou se mwayen ki rasanble tout ayisyen tout plim tout plimay.


KOUT PLIM : Geurby JEAN

PASE MEN : Rodly SAINTINÉ ak Ravensley BOISROND

MAK FABRIK : © CHOKARELLA 2021