Babay Vakans : yon ti reyon solèy nan syèl moun Mòn Èkil

Anpil fwa , yo fè izaj ak mo “geto” kòm kwa yon lye latèrè ki nouri moun ak imaj vyolan, zam, dwòg, pwostitisyon elatriye. Katye popilè sa yo, malgre move lavi ki plante anndan yo, gen anpil jèn ki rete konfyan, ki kwè nan rèv e ki vle bay jarèt pou leve figi anviwònman yo ak chanje reyalite y ap viv. Se nan lide sa a yon gwoup jèn konsekan, ki pa depaman ak reyalite malouk nou sot pale yo , deside mete sou pye yon aktivite nan Mòn Èkil nan objektif pou leve figi zòn nan epi tabli yon bon klima lakontman pou moun nan kominote a.

Mòn Èkil se yon lokalite nan Petyon-Vil, anpil moun itilize non geto pou pale de li, paske li fè pati katye yo di defavorize yo sa fè kèk tan. Nan yon ti bat bouch nou te genyen avèk Alex DORMEILLE, youn nan jèn katye sila a, ki fè pati jèn konsekan nou t ap pale yo , e ki se youn nan lidè bèl mouvman sa ki rele ‘’Babay Vakans’’ ki jounen jodia sou 5èm lansman l. Nou di mouvman nan plas aktivite, paske se yon lide ki sanble ale pi lwen pase plezi, sa anpil moun ka wè selman.

Babay Vakans se yon aktivite sosyo-kiltirèl ki marande lanmou pou zòn nan ak tradisyon pandan 4 edisyon ki sot pase yo, san nou pa konte sila ane 2020 an ki pa t rive reyalize akoz pandemi an, aktivite sila a fèt san esponsò. Se jèn yo ak lòt moun ki nan kominote a ki mete men pou fè pwòpte, dekore, fè grafiti tout ansyen ki te pase nan katye a e ki kite yon tras pozitif, animasyon mizikal, jwèt tradisyonel tankou domino, marèl, jwèt mab, sote kòd pou nou site sa yo selman. Yon veritab rankont ki raple tradisyon ak tèt ansanm.

Objektif jèn sa yo se leve figi zòn nan, bay moun nan lòt katye yo di defavorize yo, yon lòt vizyon, yon lòt imaj sou sa Mòn Èkil reprezante ak sa yo ka fè yo menm tou nan katye pa yo. Yo vize tou, entegre timoun yo nan katye a, fè yo rete soude nan limyè tradisyon nou yo ki malerezman prèske disparèt, aprann yo kòman yo ka kreye bonè yo nan anviwònman yo, san retire lide yo sou lekol e konsa y ap ka mete yon tatou pozitif sou geto a, sou chak geto.

Rèv jèn sa yo pa limite nan Mòn Èkil, lide a se pote ‘’Babay Vakans’’ nan tout geto yo, pou tout jèn ki nan katye popilè yo kenbe menm leson an epi fè pase bèl eritaj sa de katye an katye, dayè deviz yo se «Yon eritaj pou lòt jenerasyon yo rekòlte», konsa lespri lanmou, pataj ak tet ansanm va plane sou tout peyi a.

Pandan tout mwa Jiyè a katye a ap benyen ak anbyans, men Babay Vakans ap kòmanse ofisyèlman nan kòmansman mwa Dawout la epi pou bout 27 Dawout avèk yon chanpyona ak anpil lòt sipriz. Mòn Èkil pran devan pou rann vakans yo pi bèl ane sa a, jèn lidè yo envite tout moun pase al rekonekte ak tradisyon yo epi benyen nan anbyans lanmou ak tèt ansanm katye a ap ofri.

Pou 5èm edisyon sa a, estaf Babay Vakans lan prè pou akeyi esponsò. Tout sila yo ki renmen mouvman an kapab pote kole pou travay yo rive pi lwen. Yo disponib sou Facebook sou non «Morne Hercule» ak sou Instagram sou non «Fotolokal». Konsa, non sèlman n ap ankouraje yo men tou n ap kontribye nan fè wè yon lòt figi, yon lòt imaj pou geto a, ki pozitif epi ki bay gou pou viv.

KOUT PLIM : Christelle PIERRE LOUIS

PASE MEN : Guerby JEAN

MAK FABRIK : CHOKARELLA 2022

2 Comments

  • Carl
    Carl
    July 6, 2022 at 11:35 am

    Bon bgy! Bel bgy! Anpil katye nan peyi nou bezwen jan de inisyativ sa yo, paske enstans konsene yo sa yo rele leta ki ta supoze kreye jan de bgy sa yo nan peyi nou Ayiti pa ekziste! Bel bgy net ale!

    Reply
  • Baddesignhaiti
    Baddesignhaiti
    July 6, 2022 at 4:50 pm

    Red red red yon tradisyon

    Reply

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.