“Ainsi parla la mer ” un beau voyage dans l’océan filmique de Anorld Antonin

« Ainsi parla la mer » : “Men sa Lanmè a di” se yon fim Arnold Antonin fenk fè, anba kout plim Gary Victor, ak vwa Gessica Généus makònen ak mizik BIC. Tout bèl nanm sa yo reyini talan yo, pou pote pou nou, yon vwayaj sansasyonèl, yon mesaj konsekan, se yon kout rèl pou fè n pran konsyans sou enpotans lanmè a, ke anpli fwa nou neglije, maltrete.

Men sa lanmè di“se yon fim kote lanmè a ap rakonte istwal ak pèp ayisyen an, se yon fasad nou potko janm wè ni tande de lanmè nou an. Se Gessica Généus ki fè vwa lanmè a ki ap adresel ak ayisyen yo epi ba yo lapawòl tou. Fim nan se yon envitasyon pou nou vwayaje ansanm, kontanple gwosè richès sa ke nou genyen nan men nou an. Men tou se yon apèl ak konsyans nou, se yon anmwey sekou, pou nou pran desten nou an men epi retire lanmè a nan sitiyasyon dezespere sa nou metel la. « Wi gen espwa, wi nou ka sovel men se pa rete chita pansel ak palel sèlman men fok nou aji timoun kou granmoun nou chak gen wòl pa nou pou nou jwe ».

Arnold Antonin se yon sineyas, pwodiktè ayisyen. Anpil moun isit kou lòt bò dlo mete chapo ba devan l pou angajman sosyal, politik ak kiltirel li. Li se reyalizatè plis pase senkant (50) fim, pami yo nou ka site sa ki pi popilè yo ki se : “Le president a-t-il le sida?”, “Les amours d’un zombie” epi “Piwouli et le zenglendo” pou nou site sa yo sèlman.

Nan yon chita pale nou te fè avek Arnold, li te pale nou de fim sa a li fèk soti ki rele : “Men sa lanmè a di” ki tradi nan lang franse an « Ainsi parla la mer ». Se yon fim tipikman lokal, tout sa nou gen pou nou wè ladann se isit yo fèt e li te pran tan pou li eksplike nou kijan tounaj fim nan pat yon moman ki te pote lajwa. Pou jan yo maltrete lanmè a, kote ke gen anpil bèt ki kite lanmè nou an al chache lavi lot kote. Move eksplwatasyon resous yo mete ak chanjman klimatik la makonnen ak polisyon mete lavi nou ak bèt kap viv anba dlo yo an danje.

Premye sòti Men sa lanmè a di a kase pou mèkredi 4 mas la a senk kè nan laprèmidi (5hpm), nan lotèl Karibe, antre a lib e libè men se sou envitasyon kote ou dwe rele pou konfime wap vini epi vini a lè. Ou menm ki pap gentan pouw pase wèl mekredi a pa enkyetew, Arnorld gen nan lide li pou pase fim sa tout kote ayisyen reyini, ke seswa lekòl, inivèsite, sant kominotè ak anpil lòt. Yon fason pou mesaj enpòtan sa ki konsène nou tout rive nan zòrèy tout moun.

Nap di yon gwo kout chapo pou Arnold Antonin ak tout ekip li a. Nap fini avek mesaj esansyèl fim nan : «  Lanmè a se yon gwo richès, se yon zanmi nou fèt pou nou trete byen pou li menm li ka pwoteje nou e trete nou byen tou ».

KOUT PLIM : Christelle PIERRE-LOUIS

PASE MEN : Rodly SAINTINÉ ak Ravensley BOISROND

MAK FABRIK : Chokarella 2020

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.