Vant siyati liv " Narations du sensible" jodi vandredi a nan banj

Jounen Jodi vandredi 10 janvye a, bò 4trè nan laprèmidi, nan lokal Banj ki twouve l Dèlma 66, nan yon anbyans zamitay, plizyè dizèn moun patisipe nan vant siyati liv “Narations du sensible” ke jèn sikolog Jeff Matherson Cadichon ekri. Liv sila ki se premye ouvraj jèn ekriven an, rasanble temwayaj plizyè reskape tranblemann tè 12 janvye 2010 la.

Eslogan “Ou ka rebondi” (ki te nan mayo tout moun ki fè pati estaf), se te pawòl kle an pou vant siyati a. Ak anpil souri sou lèv, bèl akèy epi ak yon koupon (ki gen foto otè a, non l, non liv la ak nan ki lide otè a reyalize zèv sila), manm akèy yo te resevwa moun ki fè deplasman an pou vinn apresye gwo travay sila.

Aprè vant kèlke liv ak kèk foto, Alexandro Nicolas (ki fè pati de estaf la) te pran lapawòl pou entwodui otè a. Jeff Cadichon te pran lapawòl e tou pwofite pataje eksperyans sa l te viv 12 janvye a (pa nan yon anbyans tristès men nan lide pou selebre lavi) epi l te envite tout moun panse ak eslogan “ou ka rebondi” ke l jije ke limenm li fè. Apresa l te pase lapawòl ak Carel Pedre ki Li menm tou pataje eksperyans pa l nan sa ki ak wè tranblemann tè 12 janvye an.

Nan kad vant siyati sa, nou remake prezans plizyè gwo palto tankou ekonomis Marc alain Boucicault, Enomy Germain ak plizyè lòt ankò. Vant siyati dewoule nan bèl anbyans, e piblik vite fè deplasman an te parèt satisfè anpil. Otè a te kontan pataje ti moman sa ak piblik la, e l pwomèt ap gen lòt vant siyati nan jou kap vini la yo.

SIYATI : Ravensley BOISROND ak Peterson DORSAINVIL

PASE MEN : Rodly SAINTINÉ

MAK FABRIK : Chokarella 2020

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.