Quarantaine Haïti Session Live Coronavirus avèk BIC Tizondife.

BIC Tizondife, se dènye atis ki pase nan premye seri emisyon “Quarantaine Haïti session live Coronavirus” la. Apre, Bélo, Tafa ak Tamara Suffren, se te tou pa l pou l kontribiye a sansibilize popilasyon an fas a “Covid-19” la epi pote pèfòmans akoustik pa l pou piblik la.

Prestasyon Tizon dife a te baze sitou sou ekyetid li genyen sou jan moun ap viv nan kapital la ak sou timoun ki pa gen akirele akireponn yo, ke lari a tou sèvi kay yo. Li te pwofite kritike otorite ki gagote lajan e lakoz ke sistèm sanitè nou an fèb nan yon eta parèy epi l te pwofite adrese l a kretyen yo. BIC pat neglije pote konsèy pa l tou ki kapab pèmèt nou konbat kowonaviris la.

Pandan l ap graje gita l, Roosevelt Saillant, ki pote non BIC, te chante “Pòtoprens” ki sou albòm “Wow”, “kokorat” ak “Pote kòd” ki sou albòm “Bicsyonè” a, epi “Alleluia” ki se dènye grenn mizik ke atis la soti.

Jan Tizondife a di l nan prestasyon l lan pandan l t ap pote kèk konsèy, tout moun dwe toujou aplike prensip sanitè yo. Epi, selon limenm, nou pap janm fin tande yo ase.

Se ansanm pou tout moun kontribiye pou anpeche maladi “Covid-19” fè kantite dega oubyen menm plis ke sa l fè nan lòt peyi ki te pi byen prepare ke nou menm. Toujou aplike konsiy pou evite n trape maladi epi kontinye swiv “Quarantaine Haïti session live Coronavirus” pou w jwenn bon jan konsèy ak jui pèfòmans akoustik atis ayisyen yo live an menm tan.

REDAKSYON: Peterson DORSAINVIL

PASE MEN : Ravensley Boisrond

MAK FABRIK: CHOKARELLA/2020

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.