Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), lanse ofisyèlman lendi 6 oktòb 2025 la, selebrasyon mwa lang Kreyòl ak Kilti kreyòl la nan lokal enstitisyon an anba tèm “Lang Kreyòl, zouti devlopman nan tout repiblik la “. Mouvman sila gen pou objektif mete limyè sou valè lang lan ak envite plis entèlektyèl pwodui savwa nan manman lang peyi a.
Pandan lansman evenman an, Prezidan AKA a, Rosilia Francois Corneille, fè konnen tèm yo chwazi ane sa se yon fason pou raple tout enstitisyon k ap fonksyone sou tèritwa nasyonal la, konstitisyon peyi a egzije yo itilize lang kreyòl la nan tout sèvis y ap bay popilasyon an. Li deklare “Lang Kreyòl se yonn nan gwo enstriman ki kapab ede nou konstwi yon peyi tou nèf, yon sosyete k ap mache selon enspirasyon li, vizyon li, rèv li“.
Depi 2014 aprè enstalasyon akademi an nan peyi a, chak dizyèm mwa nan ane a, AKA toujou reyalize yon seri aktivite pou kontinye kenbe manman lang peyi a vivan : sitou sou papye. Ane sila, akademisyen yo swete fè yon seri aktivite nan yon fòma ibrid pandan tout mwa a, yon fason pou tout sitwayen nan peyi a ka patisipe.
Daprè sekretè egzekitf AKA a, Samuel Jean Baptiste, kalandriye pwogramasyon yo genyen ane sa ki an fonksyon depi 6 pou rive 28 oktòb, jou jounen mondyal kreyòl nan tout mond lan, gen plizyè nouvote ladann. “ Ane sa akademi an p ap rete Pòtoprens sèlman g on delegasyon ki prale fè yon misyon nan Gran Nò […] sòti 13 pou rive 16 oktòb” aprè sa li kontinye pou l di toune sa ap tanmen nan lide pou yo chita pale e selebre ak tout kouch nan sosyete a,
Pami lòt objektif misyon an ap gen ankò nou ka site : pouswit distribisyon rezolisyon sou òtograf kreyòl la kite pibliye nan lane 2023.
Nan lide pou ankouraje plis moun pwodui nan lang kreyòl, akademisyen yo ap prepare 2 gwo konkou : Chante alfabè kreyòl epi yon konkou kila pou soutni etidyan finisan ki ap ekri memwa yo an kreyòl. Nan kontèks sila, responsab direksyon syantifik AKA a, Beaunel Beauzile, fè konnen akademi an ap chwazi 23 sijè ki pi enpòtan nan konkou a.
“N ap anonse kilè pou etidyan yo vinn enskri apati mwa oktòb la men nou kòmanse travay sou li deja, tout bagay deja an plas” se sa li di. Pi lwen, li soulinye inisyativ sa ap fèt nan kolaborasyon avek Inivèsite Leta Dayiti (ILA). “Chak etidyan ap jwenn 50 000 goud pou prepare memwa yo e pwofesè k ap akonpanye yo a ap jwenn 75 000 goud”.
N ap fè w konnen premye edisyon pwojè sa ap fèt ak etidyan ki nan tout fakilte leta sèlman. Sepandan depatman syantifik la swete elaji a pwojè lòt ane k ap vini yo pou enkli lot etidyan nan peyi a. N ap raple w tou dispozitif la se yon mannyè pou
ankouraje entèlektyl ayisyen yo pwodui konesans nan lang kreyòl e demanti sila ki fè kwè yo paka ansenye la syans nan lang sila.
“Pou konkou chante a ki ap baze sou dezyèm rezolisyon òtograf kreyòl la, premye loreya ap gen chans genyen 300 000 goud epi mizik li ap sèvi kòm son pou idantifye tout sa akademi an ap fè, dezyèm nan ap jwenn 200 000 goud epi twazyèm nan ap jwenn 100 000 goud” te konkli Beaunel Beauzile.
Atik Youbens Cupidon © Chokarella