«Devwa Afwontman», premye rekèy pwezi Litainé Laguerre

Litene Lagè (Litainé Laguerre) pibliye nan “C3 editions” premye rekèy pwezi l ,”Devwa Afwontman”. Premye piblikasyon sa ap siyen nan 28è edisyon «Livres en folies» k ap tanmen 16 jwen ane sa a. “Devwa Afwontman” se yon rekèy ki depenn reyalite piman bouk lavi nan site solèy, powèt la ekri ak tout nanm li, chak kout plim se yon kout penti djanm ki makònen ak reyalite zòn nan.

Pasyone pou literati, etidyan fakilte lengwistik aplike (FLA) nan Inivèsite Leta Dayiti, Litainé Laguerre se yon vizaj ki pote souri pou tout moun, poutan l ap viv ak kè kase. Amoure pou la pawòl lespri, li fèt nan lane 1998 nan site Solèy, nan katye bwanès, kote l grandi epi ap viv malgre ensekite, li rankontre literati epi ekri “Devwa Afwontman” pou denonse move zak, lonje dwèt san k ap koule nan yon lit fratrisid ki pa janm bout nan site a.

Devwa Afwontman”: «M ap ekri yon powèm bal»

Litene Lagè (Litainé Laguerre) se yon nanm ki marande nan pye tab pwezi, literati. Jèn ekriven an ekri pou sonje, pou bay sans ak lavi l. Chak kout plim li mare nan zantray site solèy, nan “Devwa afrontman” li depenn move lavi fristrasyon nan yon makòn powèm vyolan, ki ranmanse kri, bri bal, li depenn yon reyalite kriyèl ki pa apanye pèsonn.

Se yon reyalite 2è powèm nan rekèy la temwaye, li titre «M ap ekri yon powèm bal». Ladann, fiti lengwis la chita nan nannan reyalite zòn nan, yon reyalite ki pa depaman ak tout peyi a. Nan yon entèvyou li deklare: «Devwa afwontman ekri nan moman kote chak grenn moun k ap viv Site Solèy, k ap viv nan yon katye defavorize, k ap viv epi ankre nan reyalite aktyèl peyi a, santi nou pata dwe desann pi ba ankò.»

Chak vè se yon balad anndan katye yo, chak powèmt se tankou powèt la pran men lektè a, li gide chimen l vè dekouvèt yon site solèy manjè dòm, manjè lespwa, yon site viktim, viktimize, li ekri: « Dlo je k pou di w tout gachèt siyen lavi k tonbe fasba », nan lapèn, lavi ki tonbe anba bal k ap chante kòk, li pouswiv pi ba: «Yon lagrèl vè lòsenn», yon seri bal fann fwa k ap manje lespwa sòyèt yo, trenen pote ale lavi k ap bouske pou bay lavi, powèt la pa tenyen je l sou fè yo, li depenn yo tankou yon kout ochan nan memwa tout militan bal pote ale.

«Literati li menm mennen m jwenn vrè mwen menm nan»

«M sonje ankò sware sa yo kote m te konn jis al chita anba lanpadè nan zòn nan pou m ekri e manman m te toujou vin kanpe kote m nan pou l sèten se ekri m ap ekri vre», Laguerre ak literati se yon istwa ki jèn, men ki plen pasyon. Devwa afrontman se rezilta plizyè lane travay, Li komanse travay sou li depi nan moman premye vag peyi lòk la, swa 2018 yon dat ki make jenèz boulvèsman politik nan yon kontèks sosyal difisil, se te peryòd barikad kòmanse pouse tèt nan kat kwen peyi a. Nan mitan barikad ak sant kawotchou Litainé enspire premye zèv pesònèl li, pou louvri je ki fèmen sou reyalite kè di, reyalite je pa pran lapèn gade, nan sans sa soleyen an ekri yon chapit lespwa.

Ant Laguerre ak literati, se yon pasyon ki tanmen apèn nan Atelye Jesi Swa, yon atelye ekriti ekriven Liyonèl Twouyo (Lyonel trouillot) ap anime. Jèn manm “Atelye Jedi Swa” a pran plezi redekouvri lavi l nan yon lòt mond «M pa janm bouke di l, lavi m gen de evenman : manman m ak literati», yon evenman ki pita pral bay sans ak lavi l, li temwaye : «manman m t ap sove m fizikman literati li menm mennen m jwenn vrè mwen menm nan», konsa li rankontre divès zèv epi ekriven tankou Liyonèl Twouyo (Lyonel trouillot) ki prefase liv li a, ki se youn nan kowotè yon liv kolektif ki titre «Nouvelles du peyi lòk» ki reyini yon kòwòt otè pami yo jèn powèt la, ki pou premye fwa te bibliye an kolektif bò anpil gwo ekriven tankou: Gary Victor, Evelyne Trouillot, Chantal Kenol, Mélissa Béralus, Hélène Mauduit, pou site sa yo sèlman.

Soleyen 24 lane a ekri pou defann bout tè kote lonbrit li plante a, «demanbre l», yon zòn diskrimine ,«Lè w fèt Solèy batistè w pa bon», li viv tout esperyans zòn nan ba li san okenn regrè, doulè ki fè l kriye ak bon moman ki fè kè l kontan. Komin nan si tèlman prezan nan reyalite l, li depenn li nan yon kòwòt powèm nan «Devwa Afrontman », yon premye rekèy k ap siyen nan 28è edisyon «livres en folie» ane a.

KOUT PLIM : Guerby JEAN

PASE MEN : John Wilson FÉLIX

MAK FABRIK : CHOKARELLA 2022

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.