Chantèz Rutshelle Guillaume nomine nan « NRJ Antilles Music Awards », se yon gwo nouvèl pou Ayiti

Chantèz Rutshelle Guillaume nomine nan « NRJ Antilles Music Awards », se yon gwo nouvèl pou Ayiti

Ankò yon lòt fwa chantèz Rutshelle Guillaume ap patisipe nan yon lòt konkou mizik, fwa sa w ap kapab vote pou atis la nan « NRJ Antilles music Awards » depi jodi a pou rive 11 fevriye 2022, nan kategori Atis pou ane a nan konpetisyon sa.

Kisa NRJ Antilles music awards la ye ?

NRJ Antilles Music Awards se yon seremoni prim ki te kreye nan lane 2000 pa estasyon radyo NRJ nan tèt kole ak chanèl televizyon TF1. Chak ane, 2 antité sa yo rekonpanse atis fransè ak entènasyonal pa kategori, pou travay yo pwodui pandan ane a.

Ane sa Rutshelle Guillaume ki se yon chantèz ayisyèn genyen 9 lòt chantè ki nan kous la ak li se :Blicassty, Shannon, Fanny J, AdmiralT, Xman, Misié Sadik, Kalipsxau, AdmiralT, Were Vana. pou sa nou envite w vote pou li nan lyen sa li te pibliye sou paj Twitter li

Tout ekip Chokarella kontan envite w vote san rete pou Rutshelle Guillaume

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.