Quarantaine Haïti SLcoronavirus : Tafa Mi-Soleil ak Tamara Suffren, pou yon espektak ekstraòdinè.

Nan kad sansibilizasyon sou coronaviris ak pèmèt piblik la jwi yon bèl sesyon akoustik de atis nou yo, mèkredi 25 mas 2020 an, Carel PEDRE te resevwa 2 pami pi bèl vwa fanm nan mizik ayisyen an, Tafa mi-soleil ak Tamara SUFFREN, nan emisyon Quarantaine Haïti session live Coronavirus.

Ansanm, 2 medam yo te livre yon bèl espektak epi pote kèk konsèy ki nesesè pou ede nou konbat jouktan n rive kwape Coronaviris sa ki pa sispann fè raj nan lemonn e k ap simaye plis enkyetid chak jou pa bò lakay paske l sanble ap pwogrese.

Apre yon ti rezime de prestasyon Bélo, ki te an dirèk nan premye sesyon an, se Tafa, grenn zetwal ki plis ap briye alèkile a, ki ta pral pote ti moso lakontantman nan kè piblik la, nan moman estrès sa. San dout, se te kouwè yon sous dlo ki te pete nan yon dezè kote moun ap mouri swaf !

Ak yon souri ki soti de lòdinè makonnenen ak yon inosans, watadi solèy la k ap leve dèyè mòn nan apre yon nwit lapli te chanbade, Tafa te salye piblik la, fè yon ti prezantasyon de tèt li anvan l te kòmanse entèprete Pè letènèl yon mizik Emeline Michel, ki se yonn nan prensipal modèl atis la selon sa l toujou di, pou premye prestasyon l. Apresa, li te chante premye mizik li ke l te soti an solo 1e mas e ki kontinye trase chimen l jouk jodi a, « Mizik sove vi m, part 2 », anvan l te konkli ak yon lòt entèpretasyon « Medley » pou l fini.

Ak 3 mizik sa yo, Tafa te sote sou okazyon sila pou l pwouve talan l yon lòt fwa ankò e konfime ke li se yon bon grenn ki di w mèt fè eskont sou kont li. N ap raple ke bon non l se Saint Louis Evenie Rose Thafa Ina. Apre soti premye mizik li a, li g on EP ki gen 8 mizik (majorite nan yo se t ap entèpretasyon mizik retro) ki te dwe soti 29 mas. Men a koz de sitiyasyon panik ke Covid-19 la provoke a, estaf k ap jere atis la deside pa soti l ankò. N envite tout moun tann pwojè sila ki pwomèt anpil kichòy !

Touswit apre pèfòmans Tafa, Carel te kontinye prezante kèk mezi de prekosyon ke n sipoze pran pou n ka konbat viris la anvan l t anonse prestasyon pa Tamara SUFFREN, yon talan ki pase de prezantasyon nan mizik ayisyen an.

Se avèk lajwa sou vizaj ke Tamara te pote kèk konsèy li menm, toujou pou ede n konbat viris la. Apresa, avèk gitaris li Ferdinand, li te chante “Kenbe pa lage”, yonn nan mizik ki figire sou premye albòm li an “impulsion”, pou envite piblik la kenbe espwa ak kouraj malgre jan sa ye.

Pou dezyèm mizik, nan sousi pou l swete bon travèse ak tout moun ke Covid-19 fòse fè vwèl pou peyi san chapo, diva tanmen jwe gita limenm tou epi l chante “Ale trankil”, yon mizik ke l te soti nan mwa janvye ki sot pase la pou l te refè dèy li. Toujou pou l kontinye blayi lajwa nan kè tout moun, Tamie entèprete “Yo”, ki se mizik “Tabou “.

Tamara pat chwazi rete la, li te jije l nesesè pou l te raple n nan ki peyi n ap viv, kòm dènye prestasyon, li chante “Gad on peyi”, yon lòt mizik ki figire sou premye albòm li an.

Se konsa 2 medam yo te kontribiye nan emisyon an pou kontinye sansibilize popilasyon an nan kad preparasyon pou konbat Covid-19 la pandan yo pataje moso lajwa a travè pèfòmans ke yo pote pou li lakay li.

Chokarella ak lòt patnè l yo bay randevou ak yon lòt atis pou yon lòt sesyon.

REDAKSYON : Peterson DORSAINVIL
PASE MEN : Ravensley Boisrond
MAK FABRIK : CHOKARELLA 2020

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.