Lansman “Quarantaine Haïti Session Live Coronavirus” avèk Bélo.

Pandemi kovid 19 la kontinye bay gwo kè sote toupatou nan mond lan ak kantite mò l ap fè. Pa bò lakay pa nou, ris pou anpil moun mouri a anpil. Otorite yo oblije pran kèk mezi pou evite pwopagasyon maladi a ki vin fè l enposib pou yon atis pèfòme devan yon piblik. Nan sousi pou pèmèt piblik la jui pèfòmans atis yo san yo pa deplase, pandan y ap kontinye sansibilize popilasyon an pou ede l fè fas ak viris la, Chokarella, Handzup group ak Vama event met ansanm pou pote yon emisyon espesyal ki gen pou non “Quarantaine Haïti session live Coronavirus”; Lansman te fèt avèk Bélo kòm atis envite.

Emisyon sila gen Carel PEDRE kòm prezantatè. Li antre tou nan kad jefò k ap fèt pou ede popilasyon an evakye enpe nan estrès nouvèl de maladi a ak ansanm de mezi ke yo dwe pran pou konbat viris la mete lakay yo; tout sa, pa mwayen de mizik, ki se yonn nan pi gwo terapi ki ekziste.

Premye “sesyon live” la te fèt lendi 23 mas 2020 an avèk Jean Bélony Murat, ke plis moun konnen sou non atis li Bélo.

Pandan l ap livre kèk konsèy, Bélo te livre piblik la 5 mizik, dekwa satisfè swaf yo. Pou kòmanse pèfòme, pandan l ap mande moun yo pou yo toujou lave men yo, li te chante “vann dlo”, yonn nan mizik li ki konnen yon gran siksè nasyonal kou entènasyonal. Apresa, li te chante “Wozo”, “Gran nèg”, “Lakou trankil” ak “Kote moun yo”, yon seri de mizik ke anpil moun renmen tande.

N ap raple ke “Quarantaine Haïti session live Coronavirus” ap fèt a 8 tè nan aswè, chak lendi, mèkredi ak vandredi, live sou paj Facebook Chokarella ak tout lòt platfòm ki sipòte emisyon sila.

“Covid-19” la kapab lakoz gwo dega si n pa pran byen avè l. Aplike prensip sanitè yo pou w evite atrape kowonaviris sa. N envite w toujou swiv “Quarantaine Haïti session live Coronavirus” pou w ka toujou jwenn bon jan konsèy prevantif ak bèl pèfòmans akoustik atis nou yo.

REDAKSYON: Peterson DORSAINVIL

PASE MEN : Ravensley Boisrond

MAK FABRIK : Chokarella/2019

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.